This post is from a suggested group
28
18/01/26
Mèsi pou sipò, #28 sòti BAVTGV.
ekip lan di nou gran mèsi pou fidelite nou.




Referans Rejyonal nan Ranfòsman Kapasite Jèn2000.
Rechèch - Antreprenarya - Kwayans
Platinum sponsor: Penn Ayiti Foundation Inc.

Wè kesyon nou poze yo anba
This post is from a suggested group
18/01/26
Mèsi pou sipò, #28 sòti BAVTGV.
ekip lan di nou gran mèsi pou fidelite nou.

This post is from a suggested group
10/01/26
Premye sòti BAVTGV pou ane 2026 lan, ekip lan di nou gran mèsi pou fidelite nou.
BAVTGV 2.0 🕸️🎊

Non pa mwen se Séné Djankal. Nan dat samdi 10 janvye 2026 lan, ant 1è–4è aprè midi, mwen te angaje tèt mwen nan travay rechèch ki fè pati misyon nou BAVTGV, kote nou dokimante listwa, tradisyon, ak reyalite sosyal Fonparizyen.
Mèsi dèske w ap pran nan tan w, pou li travay mwen an ki mande anpil atansyon ak respè pou verite a. Men rezilta rechèch mwen yo.
l. Yon ekosistèm se yon ansanm dinamik kote eleman natirèl, sosyal, kiltirèl, ekonomik ak teknolojik yo an entèraksyon kontinyèl. Nan syans sosyal, yo konsidere ekosistèm kòm yon rezo aktè (moun, enstitisyon, pratik), resous (konesans, kapital, done) ak règ (nòm, tradisyon, lwa) ki koegziste epi enfliyanse youn lòt. Se pa yon estrikti fiks, men yon pwosesis vivan ki chanje selon tan, espas ak pratik imen yo.
II. Ekosistèm elèv Fonparizyen an se tout rezo relasyon ki mare elèv yo ak lekòl yo, fanmi yo, kominote a, òganizasyon lokal yo, medya yo, opòtinite fòmasyon ak resous kiltirèl Fonparizyen an. Li enkli trajektwa edikatif elèv yo, kondisyon sosyal yo, limit ekonomik yo, enfliyans kiltirèl lokal yo, aksè ak enfòmasyon ak itilizasyon teknoloji. BAVTGV, kòm antite k ap fè koleksyon done, vin yon aktè santral nan dokimantasyon memwa ekosistèm sa a, pou rann li vizib, analize li epi transmèt li.
III. Yon òganis kapab jwe wòl pon ant elèv, etidyan ak jèn kap travay atravè twa aks prensipal:
Premyeman, atravè koleksyon, òganizasyon ak pataj done sou pwofil yo, konpetans yo, enterè yo ak istwa yo, sa ki pèmèt pi bon oryantasyon ak koneksyon.
Dezyèmman, atravè kreyasyon espas dijital (tankou bibliyotèk ak achiv vityèl, platfòm rezo sosyal yo) kote konesans lokal, temwayaj, eksperyans ak modèl siksè yo vin aksesib pou tout jenerasyon.
Twazyèmman, atravè rezo kolaborasyon ak aktè lokal (lekòl, biznis, ONG, medya), pou fasilite estaj, fòmasyon, mantora ak opòtinite travay.
IV. Men pwopozisyon mwen yo :
– Yon ekip rechèch kominotè ki fòme nan koleksyon done, entèvyou oral ak dokimantasyon memwa lokal.
– Yon ekip dijital responsab achivaj, klasifikasyon, sekirite done ak difizyon kontni sou platfòm vityèl yo.
– Yon ekip relasyon kominotè ki travay ak lekòl, jèn, fanmi ak enstitisyon pou ankouraje patisipasyon ak konfyans.
– Yon lojik fòmasyon kontinyèl pou estaf la, pou yo metrize etik done, istwa lokal ak zouti teknolojik.
Referans bibliyografik :
– Bronfenbrenner, U. (1979). The Ecology of Human Development. Harvard University Press.
– Castells, M. (2010). The Rise of the Network Society. Wiley-Blackwell.
– Nora, P. (1984). Les Lieux de Mémoire. Gallimard.
– Halbwachs, M. (1950). La mémoire collective. Presses Universitaires de France.
– UNESCO (2015). Memory of the World Programme: Guidelines for the Preservation of Digital Heritage.
This post is from a suggested group
28/12/25
Dènye sòti BAVTGV pou ane 2025 lan, ekip lan di nou mèsi fidelite w. Nou konte sou ou pouw envite lòt ti zanmi lekòl ou vin enskri non yo sou entènèt la ak listwa Fonparizyen. Ann fè gwoup poun genyen BAVTGV 2.0

1. Comité de Parole et d'Action pour Développement de Fond-Parisien (COPADEF)
2. Association des Planteurs de Cité Rurale de Fond-parisien pour le Développement Agricole (APCFDA)
3. Organisation Paysanne Pour le Développement de Ganthier (OPADGA)
4. Love A Child (LAC)
5. Bureau de la Protection Civile (BPC)
This post is from a suggested group
27/12/25
Bon mwa desanm BAVTGV, ekip lan di nou mèsi pou premye ane a. Nou konte sou ou pouw envite lòt ti zanmi lekòl ou vin enskri non yo sou entènèt la! Nan listwa Fonparizyen, ann fè gwoup poun genyen:

Non pa mwen se Séné Djankal. Nan dat samdi 27 desanm 2025 lan, ant 1è–4è aprè midi, mwen te angaje tèt mwen nan travay rechèch ki fè pati misyon nou BAVTGV, kote nou dokimante listwa, tradisyon, ak reyalite sosyal Fonparizyen.
Mèsi dèske w ap pran nan tan w, pou li travay mwen an ki mande anpil atansyon ak respè pou verite a. Men rezilta rechèch mwen yo.
I. Daprè done mwen jwenn (Jean Alcé Mesy), evolisyon elektrisite nan batiman kòmanse nan Fonparizyen avèk kreyasyon Site riral, lè prezidan François Duvalier te bay yon jeneratè pou moun yo kapab genyen kouran lakay yo ak pou fè ponp dlo a fonksyone. Jiska kòmansman lane 1970, se pratikman sèl kote kay yo te genyen kouran. Nan fen lane 1900 pratik pou rive 2000, pratik achte ti jeneratè (dèlko) pral alamòd. Sa ki vin fè genyen kèk privilejye ki konn genyen ti kouran lakay sitou leswa oubyen nan gran okazyon. Men an 2006, aprè elektrifikasyon zòn nan, moun yo pral kòmanse entegre dispozitif pou klere kay. De 2010 a 2025, dispozitif sila yo vin pi sofistike e pi adapte ak achitekti batiman yo (lekòl, lopital, biznis, elt.)
II. Evolisyon komòd (plonbri) nan Fonparizyen lye ak evolisyon batiman yo. Se sèten premye komòd (plonbri) yo se nan enstitisyon tankou Love A Child Inc., HCM, elt. ou te konn jwenn yo. Men apati lane 2000 yo ki make yon etap enpòtan nan evolisyon konstriksyon nan lokalite a (plis konstriksyon kay an dal, achitekti modèn) vin genyen plis komòd (plonbri). Jounen jodiya pifò enstitisyon (piblik kou prive) genyen komòd (plonbri). Menm patikilye ki alèz finansyèman fè tèt yo yon devwa pou yo genyen lakay yo, anpil fwa se pou yon izaj restren.
III. Malgre tout rechèch mwen pa jwenn done konkrè oubyen fyab sou sipozisyon yon sistèm irigasyon ki ta egziste depi sou tan lakoni. Done mwen jwenn ki eksplwatab yo se Jean Alcé Mesy nan liv li a « Fond-parisien » ki di depi nan kòmansman lane 1900 moun te kòmanse ap raboure tè a pou jwenn yo e yo te menm fè kèk tantativ pou kapte dlo nan Galèt la ki konn sòti lastik la. Toujou selon sa li di se genyen yon Misyon Asistans Teknik Nasyonzini ki ta pral fè yon etid nan lane 1949 pou demontre Fonparizyen se yon rejyon ki kapab pwodui kafe, diri, bannann, kann, elt. Alafen Alcé di fòmèlman se prezidan Dumarsais Estimé ki pral fè kaptaj dlo Galèt pou premye sistèm irigasyon nan lokalite a ke malerezman katastwòf natirèl (siklòn Azèl ak Flora) te detwi.
This post is from a suggested group
21/12/25
Bon mwa desanm BAVTGV, ekip lan di nou mèsi pou premye ane a. Nou konte sou ou pouw envite lòt ti zanmi lekòl ou vin enskri non yo sou entènèt la! Nan listwa Fonparizyen, ann fè gwoup poun genyen:

Non pa mwen se Séné Djankal. Nan dat dimanch 21 desanm 2025 lan, ant 1è–4è aprè midi, mwen te angaje tèt mwen nan travay rechèch ki fè pati misyon nou BAVTGV, kote nou dokimante listwa, tradisyon, ak reyalite sosyal Fonparizyen.
Mèsi dèske w ap pran nan tan w, pou li travay mwen an ki mande anpil atansyon ak respè pou verite a. Men rezilta rechèch mwen yo.
I- Men lis mwayen transpò yo.
1. Transpò piblik tradisyonèl :
- Taptap (kamyonèt)
- Bis piblik (sitou pou fè trafik nan zòn Metwopoliten an)
- Minibis
- Kamyon transpò pasaje ak machandiz
- Kanntè (Toya)
2. Transpò ak kawotchou motorize ak non-motorize :
- Moto taksi
- Moto prive
- Mototrisik (3 kawotchou/ moto kago)
- Bisiklèt
3. Transpò otomobil :
- Machin prive
- Machin lokasyon
- Machin sèvis (ONG, enstitisyon, konpayi)
4. Transpò animalye :
- Bourik
- Cheval
- Milèt
5. Transpò sou dlo :
- Kannòt
- Vwalye
- Chaloup
6. Transpò espesyal oswa okazyonèl :
- Anbilans
- Machin ponpye
- Machin lapolis
- Machin fineray
- Machin son
II. Sòti ane 1960 pou rive fen lane 1970 yo, se te transpò animalye moun te konn plis itilize pou transpò kotidyen yo, transpòte machandiz desann lavil. Nan fen lane 1970 yo pou rive lane 1980 yo, pral kòmanse genyen kamyon (kèk grenn machin transpò piblik), men sa pa t anpeche ke transpò animalye yo te trè itilize. Se lane nan 1990 yo nou pral remake ekspansyon machin transpò komen yo ak : kamyon, kanntè, taptap ak anpil bisiklèt elt. Fen lane 1990 pou rive 2000 yo, motosiklèt yo ak machin prive yo te kòmanse ap parèt timidman. Depi lè sa jiska jodiya se tout kalte mwayen transpò nou sot site nan piwo a ke moun yo itilize nan kominote a.
This post is from a suggested group
14/12/25
Bon mwa desanm BAVTGV, ekip lan di nou mèsi pou premye ane a. Nou konte sou ou pouw envite lòt ti zanmi lekòl ou vin enskri non yo sou entènèt la! Nan listwa Fonparizyen, ann fè gwoup poun genyen:

Non pa mwen se Séné Djankal. Nan dat samdi 13 desanm 2025 lan, ant 1è–4è aprè midi, mwen te angaje tèt mwen nan travay rechèch ki fè pati misyon nou BAVTGV, kote nou dokimante listwa, tradisyon, ak reyalite sosyal Fonparizyen.
Mèsi dèske w ap pran nan tan w, pou li travay mwen an ki mande anpil atansyon ak respè pou verite a. Men rezilta rechèch mwen yo :
Men listwa ki kache dèyè 10 nan lokalite nan Fonparizyen yo :
1. Site Riral : Selon Samuel Saintilmé nan liv li a ki genyen tit « Le Raranaval à Fond-parisien : quelles perspectives en vue d' un bon déroulement ? » ak Jean Alcé Mesy nan liv li a ki gen pou tit « Fond-parisien », lokalite sila konstwi nan lane 1959 yo
20 sou prezidan François Duvalier. Li te konstwi lokalite a pou li te ka retire kèk moun ki t ap viv nan move kondisyon sou Fwontyè Malpas la. Selon Alcé se prezidan ki te bay ponp pou rale dlo ak jeneratris pou bay lokalite a kouran, men bagay yo pral kòmanse deteryore nan lane 1970 yo. Genyen plizyè enstitisyon enpòtan nan lokalite sa : Love A Child Inc., Gwo Mache Mirak, Paroisse Saint Sacrément, Best Fun Plaza, Ponp gazolin Go, yon plas piblik, elt.
2. Malpas : Lokalite sa genyen yon istwa ki rich ak enteresan, orijin delimitasyon li flou. Men plizyè istoryen ak lòt, pami Michel Soukar ak Jean Price Mars dakò sou pwen ke se prezidan Sténio Vincent ke yo te defini kontou fwontyè a. Men kèk fè istorik enpòtan ki te pase ladan l li :
- nan lane 1860, se la mesye prezidan Fabre Nicolas Geffrard te pase aprè yo te vin genyen yon batay kont kan espanyòl yo, se menm evènman ki ta pral debouche sou zafè « Rubalcava » ;
- Se tou prè fwontyè a ke gouvènman dominiken te arete Sylvain Salnave, epi depòte pou revolisyonè te vini egzekite li.
- Se nan lokalite sa tou, ke milis ameriken yo te touye premye moun ki te revòlte yo kont okipasyon an.
- Se tou prè fwontyè sila a tou ke masak kont Ayisyen yo an 1937 lan an Repiblik Dominikèn te kòmanse. elt.
Malpas pral vin tounen yon zòn echanj komèsyal enpòtan se nan lane 1980 yo. Nan lane 2000 yo li pral pozisyone l kòm youn nan fwontyè ki fè Ladwàn fè plis resèt.
3. Nan Plezi : Samuel Saintilmé rapòte nan liv li a toujou ke lokalite sa a egziste depi sou tan lakoloni. Li bati ipotèz li a sou vestij moulen kann, basen ak resipyan yo te konn itilize nan epòk sa a. Selon Alcé, se yon espas lontan blan fransè te renmen vin pran plezi, se sou ipotèz sa otè a pati ki fè non an vin tou rete. Selon menm otè se youn nan lokalite ki nan achiv leta fransè nan sa ki gen rapò ak istwa Sendomeng.
4. Pengano : Toujou selon Samuel, te genyen yon epòk (malerezman li pa bay yon entèval) se nan lokalite sa a prensipal mache Fonparizyen an te ye. Se la premye lekòl nasyonal nan zòn nan ye.
5. Toman : Se youn nan pi gwo lokalite nan Fonparizyen. Menmsi abityèlman anpil moun gen tandans konsidere l kòm yon seksyon apa. Toman genyen yon lekòl nasyonal ak yon semi lise ak kèk lekòl segondè, yon pawas (Paroisse St Augustin). Chak ane nan mwa dawout fèt patronal sa a toujou atire anpil moun. Se youn nan prensipal wout (102) anpil moun pase pou yo ale Tyòt, Ansapit, elt.
Istwa lokalite sa a makònen ak istwa koloni an. Se te yon kote ideyal pou « nouvo lib » ki t ap bòykote politik agrè Desalin nan te vin refijye e konstwi kominote agrikòl yo.
6. Boulay : Se nan fen lane 90 lokalite sa a kòmanse devni yon zòn rezidansyèl. Jodiya se youn nan lokalite ki genyen yon potansyèl fonsye ak imobilye enteresan. Se yon lokalite premye chwa pou tout nouvo rezidan nan zòn nan.
7. Lasous (Lasous Gabriyèl) : Selon Mesy, se aprè pasaj siklòn Azèl (1954) ak Flora (1963) te ravaje Lafèm, abitan ki te rete nan espas sa yo te deplase ale rete la. Anpil moun konsidere l kòm sant kiltirèl ak ekonomik Fonparizyen. Pandan yon tan se la mache ki te genyen plis afliyans nan zòn nan te ye : Mache Anba Fige. Anplis de sa genyen anpil enstitisyon enpòtan tankou : Taino Aqua Ferme, Syèj Haitian Christian Mission nan, École Siloé de Fond-parisien ak École Christ Pour Tous de Fond-parisien (2 pami lekòl ki plis ansyen yo), Estofa Beach, Sunshine Beach, Peace And Love Hôtel, yon plas piblik, elt.
8. Anbagranchemen : Selon Mesy se yon lokalite ki kòmanse sou wout nasyonal nimewo 8 la pou rive ak yon distans 518.50 mèt pou jwenn nan Gaya. Mesy aprann ke te gen yon epòk se te yon lokalite ki te genyen anpil animasyon. Se la tou premye pon gaz nan lokalite a te ye.
9. Fonbaya : An 2004, Food for the Poor et le groupe d’appui aux rapatriés et réfugiés (Garr), te konstwi 100 kay pou moun yo te depòte Ladominikani. Depi lè sa demografi vilaj la triple. Se yon lokalite ki pa gen twò gran enterè. Sinon plaj Son Blancos ak Église de la Nouvelle Génération de Jésus-Christ.
10. Boukandèmòn : Lokalite sa a abrite yon n enstitisyon International Faith Missions (IFM) ki se Centre Hospitalier Eau de Vie. Anplis École St Jean Bosco ki se youn nan lekòl ki plis ansyen nan lokalite a, Université Nexus d'Haïti, genyen tou La Cabane Hôtel, École Chrétienne de l'Espoir ak Naty Savio. Te gen yon epòk lè Car Wash patko alamòd nan zòn lan se te prensipal kote yo te konn vin lave machin ak moto.
This post is from a suggested group
13/12/25
Bon mwa desanm BAVTGV, ekip lan di nou mèsi pou premye ane a. Nou konte sou ou pouw envite lòt ti zanmi lekòl ou vin enskri non yo sou entènèt la! Nan listwa Fonparizyen, ann fè gwoup poun genyen:

This post is from a suggested group
Chak ou pase la, ou deplase oswa ajoute yon pyon nan jwèt lavi a. Mèsi
This post is from a suggested group

Mwen rele Florian Micknay, mwen te bay tèt mwen misyon pou'm fè rechèch, pou'm kolekte done sou divès pwen ki ap ede listwa fonparisyen rete an vi pou jenerasyon kap vini, nan yon dire de 1è pou 4è.
Mwen kontan pou'm ede oumenm kap li pawòl sa yo e ki ap pèmèt ou gen plis konesans sou kominote parizyen an.
Bon lekti
Selon rechèch pèsonèl mwen, m twouve ke pwen sa yo ap enpotan pou yon group ede kominote li mache.
Kesyon 1- bay 5 pwojè sosyal jèn yon gwoup tankou BAVTGV kapab reyalize.
A) Atelye devlopman pèsonèl pou jèn
Ki kapab fòme jèn responsab ak konfyans, ki kapab genyen Atelye sou konfyans nan tèt, lidèchip, jesyon tan ak anpil lòt bagay ankò ki kapab ede jèn yo prepare pou lavi.
B) Sipò granmoun aje
Konbat solitid ak neglijans granmoun ki kapab genyen vizit regilye lakay yo, ede yo nan ti bezwen ak lot ti aktivite.
C) *Alfabetizasyon ak soutyen lekol timoun.
Ede timoun ki gen difikilte nan lekti ak ekriti, kapab genyen klas leson gratis, sipò nan devwa. Sa ap ogmante nivo edikasyon e redwi abandon lekòl.
D)* Klèb jèn kont vyolans ak delinkans*
Ankouraje lapè ak bon konpòtman, li kapab genyen deba ,teyat edikatif, konferans sou lidèchip, sa ap ede redwi vyolans ak devlope lidè pozitif.
E) sant sipò ak fòmasyon jèn
Li kapab genyen fòmasyon sou metye tankou kwafè, kouti, reparasyon telefòn ak anpil lòt bagay ankò
Kesyon 2- bay non tout liv ki ekri sou fonparisyen nan 1960 a 2026
1) la société parisiennoise son evolution ( Mr Alcé).
2) Sur les traces du raranaval FP ( Jean Manfred Simeon)
3) Documentation sur la nouvelle ( Mr Roland Chery)
4) Le raranaval à fond parisien ( Samuel Saintilme)
Daprè rechèch pèsonèl mwen