Yon espas 3 jèn fanm kou gason kreye nan dat 22 me 2024 anba labèl FON PARIZYEN BIG DATA sou envitasyon ofisyèl Windy Gelin pou onore lide ak travay GWO MAPOU Toussaint G. Vil, kote ou ap kapab plonje tèt ou anndan istwa Fon Parizyen, aprann jefò kap fèt nan ogmante kapasite jèn nou yo epi ankouraje devlopman sosyal ak imen yo. Anplis, wap kapab ranmase konesans ak fè dekouvèt bèl vil nou an, nan mizik, penti, literati, nan listwa sou kòman tout lekòl, legliz, biznis nou yo te kreye, epi gen lide sou jeneyalojik ak kilti nou.
Bibliyotèk nou an ap ofri w plizyè varyete mizik, son, video, achiv, ak resous ki pran nesans nan Fon Parizyen oubyen pa pitit Fon Parizyen nan dyaspora. Fon Parizyen yon bèl zòn ki kache nan mitan Mòn yo, Min yo ak yon bèl Lak trankil, ak plizyè Sous Dlo, Ot èl, Restoran, Pak Natirèl epi plaj pitorèsk.
*** Pèmèt nou onore w konsa vye Mapou TGV! ***
Toussaint General Vil: Etidyan, Achivis, Dizè, kontè
Pwoprietè / Manm konsèy BAVTGV:
Windy Gelin: Editè, Manadjè
Elda Jn Baptiste: Resp. Kominikasyon
Patrick Gelin: Resp. Relas. Piblik & Maketing