top of page

Varyete Nan Fon Parizyen

Public·9 members

23

14/12/25

Bon mwa desanm BAVTGV, ekip lan di nou mèsi pou premye ane a. Nou konte sou ou pouw envite lòt ti zanmi lekòl ou vin enskri non yo sou entènèt la! Nan listwa Fonparizyen, ann fè gwoup poun genyen:


ree

9 Views
Djankal Séné
Djankal Séné
2 days ago

Non pa mwen se Séné Djankal. Nan dat samdi 13  desanm 2025 lan, ant 1è–4è aprè midi, mwen te angaje tèt mwen nan travay rechèch ki fè pati misyon nou BAVTGV, kote nou dokimante listwa, tradisyon, ak reyalite sosyal Fonparizyen.


Mèsi dèske w ap pran nan tan w, pou li travay mwen an ki mande anpil atansyon ak respè pou verite a. Men rezilta rechèch mwen yo :


Men listwa ki kache dèyè 10 nan lokalite nan Fonparizyen yo : 

1. Site Riral : Selon Samuel Saintilmé nan liv li a ki genyen tit « Le Raranaval à Fond-parisien : quelles perspectives en vue d' un bon déroulement ? » ak Jean Alcé Mesy nan liv li a ki gen pou tit « Fond-parisien », lokalite sila konstwi nan lane 1959 yo

20 sou prezidan François Duvalier. Li te konstwi lokalite a pou li te ka retire kèk moun ki t ap viv nan move kondisyon sou Fwontyè Malpas la. Selon Alcé se prezidan ki te bay ponp pou rale dlo ak jeneratris pou bay lokalite a kouran, men bagay yo pral kòmanse deteryore nan lane 1970 yo. Genyen plizyè enstitisyon enpòtan nan lokalite sa : Love A Child Inc., Gwo Mache Mirak, Paroisse Saint Sacrément, Best Fun Plaza, Ponp gazolin Go, yon plas piblik, elt.


2. Malpas : Lokalite sa genyen yon istwa ki rich ak enteresan, orijin delimitasyon li flou. Men plizyè istoryen ak lòt, pami Michel Soukar ak Jean Price Mars dakò sou pwen ke se prezidan Sténio Vincent ke yo te defini kontou fwontyè a. Men kèk fè istorik enpòtan ki te pase ladan l li :

- nan lane 1860, se la mesye prezidan Fabre Nicolas Geffrard te pase aprè yo te vin genyen yon batay kont kan espanyòl yo, se menm evènman ki ta pral debouche sou zafè « Rubalcava » ;

- Se tou prè fwontyè a ke gouvènman dominiken te arete Sylvain Salnave, epi depòte pou revolisyonè te vini egzekite li.

- Se nan lokalite sa tou, ke milis ameriken yo te touye premye moun ki te revòlte yo kont okipasyon an.

- Se tou prè fwontyè sila a tou ke masak kont Ayisyen yo an 1937 lan an Repiblik Dominikèn te kòmanse. elt.


Malpas pral vin tounen yon zòn echanj komèsyal enpòtan se nan lane 1980 yo. Nan lane 2000 yo li pral pozisyone l kòm youn nan fwontyè ki fè Ladwàn fè plis resèt.


3. Nan Plezi : Samuel Saintilmé rapòte nan liv li a toujou ke lokalite sa a egziste depi sou tan lakoloni. Li bati ipotèz li a sou vestij moulen kann, basen ak resipyan yo te konn itilize nan epòk sa a. Selon Alcé, se yon espas lontan blan fransè te renmen vin pran plezi, se sou ipotèz sa otè a pati ki fè non an vin tou rete. Selon menm otè se youn nan lokalite ki nan achiv leta fransè nan sa ki gen rapò ak istwa Sendomeng.


4. Pengano : Toujou selon Samuel, te genyen yon epòk (malerezman li pa bay yon entèval) se nan lokalite sa a prensipal mache Fonparizyen an te ye. Se la premye lekòl nasyonal nan zòn nan ye.


5. Toman : Se youn nan pi gwo lokalite nan Fonparizyen. Menmsi abityèlman anpil moun gen tandans konsidere l kòm yon seksyon apa. Toman genyen yon lekòl nasyonal ak yon semi lise ak kèk lekòl segondè, yon pawas (Paroisse St Augustin). Chak ane nan mwa dawout fèt patronal sa a toujou atire anpil moun. Se youn nan prensipal wout (102) anpil moun pase pou yo ale Tyòt, Ansapit, elt.


Istwa lokalite sa a makònen ak istwa koloni an. Se te yon kote ideyal pou « nouvo lib » ki t ap bòykote politik agrè Desalin nan te vin refijye e konstwi kominote agrikòl yo.


6. Boulay : Se nan fen lane 90 lokalite sa a kòmanse devni yon zòn rezidansyèl. Jodiya se youn nan lokalite ki genyen yon potansyèl fonsye ak imobilye enteresan. Se yon lokalite premye chwa pou tout nouvo rezidan nan zòn nan.


7. Lasous (Lasous Gabriyèl) : Selon Mesy, se aprè pasaj siklòn Azèl (1954) ak Flora (1963) te ravaje Lafèm, abitan ki te rete nan espas sa yo te deplase ale rete la. Anpil moun konsidere l kòm sant kiltirèl ak ekonomik Fonparizyen. Pandan yon tan se la mache ki te genyen plis afliyans nan zòn nan te ye : Mache Anba Fige. Anplis de sa genyen anpil enstitisyon enpòtan tankou : Taino Aqua Ferme, Syèj Haitian Christian Mission nan, École Siloé de Fond-parisien ak École Christ Pour Tous de Fond-parisien (2 pami lekòl ki plis ansyen yo), Estofa Beach, Sunshine Beach, Peace And Love Hôtel, yon plas piblik, elt.


8. Anbagranchemen : Selon Mesy se yon lokalite ki kòmanse sou wout nasyonal nimewo 8 la pou rive ak yon distans 518.50 mèt pou jwenn nan Gaya. Mesy aprann ke te gen yon epòk se te yon lokalite ki te genyen anpil animasyon. Se la tou premye pon gaz nan lokalite a te ye.


9. Fonbaya : An 2004, Food for the Poor et le groupe d’appui aux rapatriés et réfugiés (Garr), te konstwi 100 kay pou moun yo te depòte Ladominikani. Depi lè sa demografi vilaj la triple. Se yon lokalite ki pa gen twò gran enterè. Sinon plaj Son Blancos ak Église de la Nouvelle Génération de Jésus-Christ.


10. Boukandèmòn : Lokalite sa a abrite yon n enstitisyon International Faith Missions (IFM) ki se Centre Hospitalier Eau de Vie. Anplis École St Jean Bosco ki se youn nan lekòl ki plis ansyen nan lokalite a, Université Nexus d'Haïti, genyen tou La Cabane Hôtel, École Chrétienne de l'Espoir ak Naty Savio. Te gen yon epòk lè Car Wash patko alamòd nan zòn lan se te prensipal kote yo te konn vin lave machin ak moto.


#22

13/12/25

Bon mwa desanm BAVTGV, ekip lan di nou mèsi pou premye ane a. Nou konte sou ou pouw envite lòt ti zanmi lekòl ou vin enskri non yo sou entènèt la! Nan listwa Fonparizyen, ann fè gwoup poun genyen:

ree

7 Views
9 days ago · updated the description of the group.

Chak ou pase la, ou deplase oswa ajoute yon pyon nan jwèt lavi a. Mèsi

7 Views
ree
6 Views

Wadson Erissaint, Rapè Deviz Pam

“Mèsi paske w fè nou santi nou tap fè yon bagay ki enpòtan pou sosyete a."

BAVTGV

" Gen lide pwojè ki vini chak yon syèk, yon moun dwe travay chak jou epi kite zèv ou sou latè."

Windy Gelin, Antreprenè

"Pa koute pèsòn!
ou vo plis ke sa w panse :
ENSPIRE L KREYE L epi
PATAJE L ak mond ou a"

© 2024 by Fon Parizyen BigDATA Powered and secured by Wix

Enskri pou w konnen tout denye detay BAVTGV!

Mèsi paskew enskri!

bottom of page