top of page

Forum Comments

#12
In Varyete Nan Fon Parizyen
Djankal Séné
Oct 12, 2025
I. Evolisyon agrikilti nan Fonpariyzen (1960-2025) Depi ane 1960 yo pou rive ane 1990, agrikilti nan Fonparizyen te pase nan anpil chanjman. Nan tan lontan, moun te viv sitou de kiltivasyon mayi, pwa , diri, bannann, papay, legim, manyòk. Prensipal zòn agrikòl yo se te Nabou, Lafèm, Tèt Sous elt. men sa pa t anpeche genyen anpil ti jaden nan lakou. Te genyen anpil zannimo domestik (kabrit, bèf, poul, kochon, elt.) tou kontrèman ak kounya. Agrikilti a depann anpil de lapli, menmsi genyen kèk kanal awozaj. Men depi lane 200 yo, tè yo vin pi sèch, sous dlo yo diminye, e anpil moun kite travay tè pou al fè ti biznis oswa travay sou fowntyè Malpas la. Gen kèk pwojè òganizasyon entènasyonal ki te eseye relanse pwodiksyon an ak fòmasyon sou nouvo teknik irigasyon ak grenn ki pi rezistan. Jodiya, agrikilti nan Fonparizyen rete vivan men limite. II. Lis douz (12) zouti yo konn itilize nan agrikilti nan Fonparizyen (1960-2025) : 1. Pikwa (pou fouye twou) 2. Rato (pou netwaye) 3. Wou (pou sekle) 4. Digo (pou sekle, netwaye elt.) 5. Rach (pou koupe, bwa pi presizeman) 6. Manchèt (pou koupe) 7. Pèl (pou netwaye ak lòt tip itilizasyon) 8. Bouwèt (pou transpòte rekòt elt.) 9. lim (pou file manchèt oswa kouto) 10. Saswa (pou mezire grenn oswa angrè) 11. Kouto (menm itilite ak manchèt, men se pa pou gwo travay) 12. Daba/Koulin (menm itilite manchèt ak kouto a, sofke li menm li pi gwo e mwens long ke manchèt la) III. Lis senk (5) kalite diri yo plante nan Fonpaeiyzen (1960-2025) : 1. Diri Jasmin 2. Diri Madan Gougous 3. Diri Nabou 4. Diri Chela 5. Diri Krètapyewo
0
0
#8
In Varyete Nan Fon Parizyen
Djankal Séné
Sep 28, 2025
I. Men lis dis (10) bòs ferayè nan Fonparizyen (1960-2025) : 1. Bòs François (Boulay) 2. Bòs Dave alyas Bòs Black (Boulay) 3. Bòs Jimèl (Lasous) 4. Bòs Damas (Boulay) 5. Bòs Christen (Boukandèmòn) 6. Bòs Dinel (Boulay) 7. Bòs Walner (Boulay) 8. Bòs Dieujuste (Boulay) 9. Bòs Mezak (Boulay) 10. Bòs Sovè (Boulay) II. Men lis (10) bòs chapant nan Fonparizyen (1960-2025) : 1. Bò Nènès (Boulay) 2. Bòs Jinalyo (Boulay) 3. Bòs Makès (Boulay) 4. Bòs Jozèf (Boulay) 5. Bòs Elmonn (Boulay) 6. Bòs Jiwo (Boulay) 7. Bòs Kristen (Boulay) 8. Bòs Alyès (Boulay) 9. Bòs Emilio (Boulay) 10. Bòs Ison (Boulay) III. Depi ane 1960 yo rive jiska jodiya, evolisyon kontriksyon (kay) pase plizyè etap chanjman. Nan ane 1960–1970 yo, yo te piti, yo te fèt ak tè yo bat, poto bwa ak twati pay oswa tòl, lacho ak kwizin ki akote. Nan ane 1980–1990 yo, vin gen plis kay ak tòl ki fèt ak blòk siman menm si estrikti yo te toujou senp. Nan ane 2000 yo, kay blòk ak beton vin pi komen, kèk fanmi elaji oswa ajoute etaj, pandan modèl tradisyonèl yo te toujou la. Aprè tranblemanntè 2010 la, plis moun pran konsyans sou solidite konstriksyon, yo sèvi ak beton ranfòse pou kay yo pi solid. Ant 2015 jiska jodiya, kay yo vin gen yon aspè ki plis achitektiral : yo vin pi modèn ak balkon, planch beton, fenèt an vè, fè fòje atizanal, modèl vila ameriken ou ewopeyen klasik. Sepandan nan kèk katye ak lokalite tankou Lasous, Nakou, Bwademye, Toman, Lèwòch, elt. kay tradisyonèl yoz toujou egziste. Pran nòt: Pou bòs yo mwen itilize non ki pi komen yo genyen sa ki ap pèmèt yo verifikasyon pi rapid, kanta pou twazyèm repons lan li baze sou eksplikasyon kèk ansyen nan domèn konstriksyon ak konsta e rechèch pèsonèl.
1
0
40e epi dènye sòti! Nap tounen aprè 22 me. Nou pral pran tan poun travay sou ebook (liv) nou an kap dokimante tout 40 fwa nou poze kesyon.
In Varyete Nan Fon Parizyen
Djankal Séné
Mar 23, 2025
Repons 1 : A. Fonparizyen nan 5 lane ankò Si devlopman ekonomik ak kiltirèl li yo byen jere, Fonparizyen ka tounen yon gwo sant komèsyal ak edikatif, kote plis antreprenè ap envesti, ak plis opòtinite pou jèn yo. Avèk bon planifikasyon, li ka benefisye de pozisyon estratejik li pou vin yon lyen pi solid ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. AN. Fonparizyen nan 2 lane ankò Nan dezan, mwen ta renmen wè yon Fonparizyen kote gen plis inisyativ pou jèn yo, plis espas edikatif ak kiltirèl, epi yon pi bon estrikti pou ekonomi lokal la. Yon bon estrateji sou devlopman enfrastrikti ak edikasyon ka deja montre siy pwogrè ki klè. B. BAVTGV an 2028 Si BAVTGV kontinye ap travay sou misyon li, li kapab tounen yon sant referans sou istwa, devlopman pèsonèl ak sitwayènte nan zòn nan. Avèk bon teknoloji ak sipò, jesyon platfòm nan kapab se pi bon kote jèn yo jwenn resous pou devlopman yo, epi l ka menm atire patnè entènasyonal pou ede l nan misyon li pou ale pi lwen. Repons 2: Edikasyon sivik se ansèyman prensip ak valè ki fòme bon sitwayen, tankou respè pou lwa, angajman nan lavi kominotè, patisipasyon demokratik, ak devlopman sans responsabilite sosyal. Li ede moun konprann dwa ak devwa yo epi ankouraje yo patisipe aktivman nan devlopman sosyete yo. Apati de pozisyon estratejik ak potansyèl ekonomik li, Fonparizyen bezwen yon bon edikasyon sivik pou : - Konsyantizasyon jèn yo - Fòme antreprenè responsab - Redui konfli ak ranfòse kooperasyon fwontalye Si edikasyon sivik aplike byen nan Fonparizyen, li ka vin yon vil ki pa sèlman ekonomikman dinamik, men tou yon egzanp sitwayènte aktif ak devlopman dirab. Repons 3 : A. Bridkens Aristil se istoryen ak pwofesè. Se yon sitwayen ki angaje l nan ede kominote Fonparizyen an vanse nan pran yon seri inisyativ. Nan fason pa l li kontribye nan devlopman sosyoedikatif lokalite a. AN. Jean Bernard Son se Prezidan Konsèy Asanble Seksyon Kominal Fonparizyen an. Li se pwofesè tou. Anplis de sa se yon pèsonalite ki genyen anprent nan plizyè lòt domèn ankò nan lokalite a. Se yon sitwayen ki genyen volonte pou ede kominote li avanse nan tout sans.
2
0
38e Sòti! Bon dimanche! Nap jwe pou $10 pou premye gayan, $5 pou dezyèm lan jodi a. Gayan se moun ki bay plis bon repons lan.
In Varyete Nan Fon Parizyen
Djankal Séné
Mar 09, 2025
1. Église Menonithe Eau de Vie (Lasous) 2. Foyer Universel (Mòn Òrèg) 3. Église du Nazaréen Béthel 4. Eglise De la Nouvelle Génération (Fonbaya) 5. Église Chrétienne des Rachetés (Lasous) 6. Biblique de la Foi (Lasous) 7. Paroisse Saint Joseph (Bwademye) 8. Chapelle Immaculée conception (Pengano) 9. Eglise Adventiste du Septième Philadelphie de Fond-parisien (Bwademye) 10. Première Eglise Chrétienne D'Haïti (Nan Lilèt) 11. Première Eglise Chrétienne D'Haïti (Vilaj Mirak) 12. Première Eglise Chrétienne D'Haïti (Love A child [Site riral]) 13. Église de la Fraternité Chrétienne (Bwademye) 14. Église chrétienne des Rachetés (Nan Plezi) 15. Église Baptiste Bethesda de Fond-parisien (Soumoulen) 16. Église Dieu de la Prophétie de Fond-parisien (Pengano) 17. Eglise de la Communion de la Foi Internationale de Fond-parisien (Nan Gaya) 18. Chapelle Évangélique Béthanie de Fond-parisien (Mòn Òrèg) 19. Église Béthel Assemblée Chrétienne de Fond-parisien 20. Église de Dieu Christ Vivant (Mòn Òrèg) 21. Église La Famille de la Destinée Royale (Mòn Òrèg) 22. Temple Délivrance (Anbagranchemen) 23. Mission Chrétienne (Mòn Òrèg) 24. Paroisse Saint Sacrément (Site riral) 25. Église du Christ (Boukandèmòn) 26. Église Béthel Assemblée Chrétienne de Thoman (Toman) 27. Église Évangélique du Christ (Boulay) 28. Chapelle Saint Augustin de Thoman (Toman) 29. Église du Nazaréen de Les Roches (Lèwòch) 30. Église du Nazaréen de Lastic (Lastic) 31. Église Jérusalem (Lastik) 32. Église Adventiste Morija de Fond-parisien (Site riral)
2
0
37e Sòti! Bonne journée de réflexion à toutes les femmes du monde. 🌍
In Varyete Nan Fon Parizyen
Djankal Séné
Mar 08, 2025
R1- Yon inisyativ ki konsa ka gen anpil valè pou jèn yo nan Fonparizyen. Yon jounen refleksyon konsa kapab sèvi kòm yon espas pou yo pataje lide, aprann sou listwa, devlope panse kritik, epi menm mete aksyon anplas pou avni kominote a. Si estaf BAVGTV vle angaje jèn yo seryezman, yo ta dwe : - Chwazi yon tèm ki touche yo (edikasyon, lidèchip, devlopman kominotè, elatriye). - Enplike jèn yo nan òganizasyon an pou yo santi se pa sèlman yon aktivite pou yo, men ak yo. - Fè liy interaktif ak atelye, deba, oswa panèl pou evite li vin yon seri diskou long, annwiyan. - Asire gen yon kontinite aprè jounen an (yon gwoup refleksyon, inisyativ lokal, elatriye). R2- 8 mas 1977 make premye Jounen Entènasyonal Dwa Fanm ke Nasyonzini te fikse ofisyèlman. Se te yon gwo pa nan batay pou egalite, jistis, ak rekonesans kontribisyon fanm yo atravè mond lan. Jounen sa a te mete limyè sou pwoblèm tankou diskriminasyon, vyolans sou fanm, ak inegalite sosyal, pandan l te ankouraje plis opòtinite ak respè pou yo. Anpil peyi te kòmanse òganize evènman pou selebre ak defann dwa fanm, onore sa yo ki te goumen nan listwa, epi mande plis chanjman pou lavni. Depi lè sa a, 8 mas vin tounen yon jounen revolisyonè ak angajman, kote fanm yo kontinye leve vwa yo pou plis jistis ak ekite nan tout domèn lavi. R3 Men lis la : 1. Marie Mona Oscar 2. Léon Bertha 3. Claudette Floriant 4. Germita Noël 5. Maseline Polynice 6. Yvrose Telfort 7. Pierre Anne Kimberley 8. Pierre Marie Benia 9. Angeline Girault 10. Charles Loudrine (Mwen chwazi moun sa yo pa rapò ak enpak oubyen esplikasyon nan domèn sante, edikasyon, biznis, politik, sèvis kominotè, kilti elatriye.) R4- Men lis la : 1. Agathe Méjilus 2. Marianithe Mathurin 3. Farah Jovial ALEXIS 4. Elza Phanord 5. Suze Noël 6. Examène Charles 7. Merveilleuse Derisma 8. Sandra Tulien 9. Noël Marie Germitha 10. Brésil Nosiane R5- Men lis la : 1. Drana Exumé 2. Nancy Alexandre 3. Aline Tisma 4. Saint-Louis Kattia 5. Pierre Daisy Malika 6. Roberta Gabriel 7. Jean-Baptiste Wilna
2
0
29e sòti nou! Bravo Djankal Séné premye gayan nou ak Micknay Floriant dezyèn gayan 28e sòti an.
In Varyete Nan Fon Parizyen
Djankal Séné
Feb 02, 2025
1. Men definisyon yo : - COPADEF : Comité de Parole et d'Action pour Développement de Fond-Parisien - PNQFP : Parc Naturel Quisqueya de Fond-parisien (Sous : Paj Facebook Radio Love A Child ak Parc Naturel Quisqueya de Fond-parisien) 2. Mwen gen yon pakèt atant nan vi a, sepandan sa ke mwen plis bezwen se resous (tout kalite) pou m devlope tèt mwen e kominote m. Pale de motivasyon selon mwen menm se yon bagay ki dwe fèt nan yon pwennvi pèsonèl paske chak moun genyen yon ansanm eksperyans, estimilis ou lòt eleman ki pouse yo pèfeksyone konpetans yo pou yo rive atenn yon seri objektif endividyèl ou kolektif. Dèfwa konsèp motivasyon an konn pran tout sans li devan dimansyon obstak ou genyen pou franchi a ou ki dimansyon objektif la tou. Pa egzanp yon moun ki vle atenn yon bagay pou l sove lavi yon pwòch li ap toujou plis motive e detèmine ke yon moun ki sèlman swaf siksè. Toutfwa nou kapab f on ti kout pale de motivasyon nan yon kad jeneral menm si koze pa plis sibjektif. Pou m pi klè, sa yon moun genyen kòm konviksyon, detèminasyon ak atant non sèlman sou tèt li men bò kote antouraj li tou nou kapab di se eleman bazik tout fòm motivasyon. Ofinal sa ki motive m se ankourajman, espwa ak atant antouraj mwen genyen sou mwen. 3. Lig pastoral Fonparizyen an fonde 17 oktòb 2004. Li genyen 19 legliz. 17 ladan yo ki aktif sèlman. Prezidan lig la se pastè Florius Jonas, vis prezidan se Reveran Alabré Dadou. (Sous : Pastè Jonas Florius) 4. Parc Naturel Quisqueya genm 134 ekta. Dat inogirasyon an se 05 desanm 2002. (Sous : Paj Facebook enstitisyon an) 5. Alquil Néré se jesyonè rezo ak telefoni IP. Li genyen lòt fòmasyon ankò nan domèn teknoloji. Li se Direktè Jeneral Radio Bon Zanmi FM. Alquil fè pati elit politik Fonparizyen an. Li genyen anprent li nan plizyè aktivite kiltirèl nan lokalite a.
0
0
Bonjou tout moun 15e sòti nou, nou te lanse depi 24 jen 2024. Nap jwe pou $30 jodia
In Biznis Nan Fon Parizyen
Djankal Séné
Nov 04, 2024
1- Men ki senk (5) bagay mwen ta renmen konnen de Fonparizyen : 1. Ki non premye fanmi ki te enstale yo nan rejyon an. 2. Kisa ki espès plant ak zannimo ki konpoze fòn ak flò lakis la . 3. Ki premye legliz ki te genyen nan Fonparizyen. 4. Ki premye pi ki te genyen. 5. Kiyès ki te premye gen mwayen transpò komen nan zòn nan. 2- Men lis la : 1. AMALES Pharmacie (Lasous) 2. Nianorah Pharma-Plus (Lasous) 3. Pharmacie Bernadette (Lasous) 4. Ange Pharma (Anbagranchemen) 5. Pharmacie Bon Prix (Anbagranchemen) 6. New Vision Pharma (Boulay) 7. Eripharma (Lasous) 8. Famasi ki nan Love A Child Health Center (Nan Site) 9. Famasi ki nan Centre Hospitalier Eau de Vie (Boukandèmòn) 10. Famasi ki nan Hôpital Christ Pour Tous (Lasous) 11. Famasi ki nan Centre de Santé Béthanie (Pengano) 12. Famasi ki nan Centre de Santé de Thoman (Toman) (Atansyon ! Lis sila a pa definitif paske se selon rechèch ke mwen fè pou m konfime sa ki ap fonksyone yo ak anplasman yo, sa ka rive genyen mwen pa konnen). 3- Men lis la : 1. Se gras a Senyè (Lasous /Bwademye) 2. Eben-Ezer Quincaillerie (Bwademye) 3. Mahanaïm (Bwademye) 4. Lamane Quincaillerie (Boulay) 5. Sovendy Center (Toman) 6. Quincaillerie Don du Ciel (Anbagranchemen) 7. Ô Éternel Quincaillerie (Pengano) 8. Shekina Quincaillerie (Nan Site) (Atansyon ! Lis sila a pa definitif paske se selon rechèch ke mwen fè pou m konfime sa ki ap fonksyone yo ak anplasman yo, sa ka rive genyen mwen pa konnen). 4- Men lis la : 1. Complexe Éducatif Men nan Men (Boulay) 2. Reedemed Vocational School (Boulay) 3. Sheska Beauty (Bwademye) 4. Siloé Technique et Professionnel (Lasous) 5. Centre de Référence des Jeunes Professionnels (Bwademye) 6. Centre de Formation Professionnelle d'Espoir Vivant (Lasous) 7. CENAFO (Toman) 8. Centre Technique Naty Savio (Boukandèmòn) (Atansyon ! Lis sila a pa definitif paske se selon rechèch ke mwen fè pou m konfime sa ki ap fonksyone yo ak anplasman yo, sa ka rive genyen mwen pa konnen). 5- Men lis la : Lekòl Nasyonal la (Pengano) Soukomisarya (Bwademye) Dwàn nan (Malpas) Tribinal lapè a (Nan Site) (Mwen mete yo nan lis la pa rapò ak definisyon enstitisyon piblik).
3
1
Bonjou tout moun, 13e sòti nou, Bravo ak Cleefton dènye gayan nou.
In Pwojè Nan Fon Parizyen
Djankal Séné
Oct 28, 2024
1- Sipèfisi Lak Azeyi se 11300 ekta = 113 km² e altitid li se 15 mèt (Sous : jounal Le Nouvelliste) 2- Men definisyon yo PNH : Police Nationale d'Haïti  MENFP : Ministère de l'Education Nationale et de la Formation Professionnelle  FNE : Fonds National de l'Emploi ( Sous : sit ofisyèl enstitisyon sa yo) 3- Premye lekòl segondè nan Fond-parisien se Centre d'Etude Secondaire de Fond-parisien, li te kreye nan lane 1997 (Sous : yon manm nan direksyon an) 4- Premye moun ki te mete lekòl mizik Fonparizyen se Maestro Rirot Polynice (Sous : Maestro Rirot Polynice) 5- Elèv lekòl Fonparizyen bezwen plis aktivite ekstra ak paraskolè ki baze sou sèvis kominotè ak sitwayènte pou pèmèt yo develope kapasite sosyal ak koyitif yo, anplis kontni akademik ke y ap aprann nan klas yo. Paske aktivite sila  yo ap pèmèt yo angaje yo pi byen nan kominote a. Senk elèv m ap pwopoze se moun ki enplike nan aktivite sosyokiltirèl ak sitwayen : 1. Phanaïka Polynice (Collège Siloé de Fond-parisien Segondè III), Miss Siloé 2024 2. Sendia Louigène (École Christ Pour Tous de Fond-parisien, Segondè IV), antreprenè, animatris kiltirèl 3. Dachena Bazin (Centre Classique Moderne Aimer Un Enfant, Segondè IV), manm aktif Club de lecture Gary Victor, ajan tèren CODDEMIR 4. Losama Kecthina (Ecole Saint Jean Bosco de Fond-parisien, Segondè IV), kizinyè ak patisyè, kominikatris sosyal, aktivis kiltirèl  5. Polynice Jephté (Collège Siloé de Fond-parisien Segondè III), Mister Siloé 2024, kwonikè ribrik, militan ekolojis. (Sous : chwa yo chita sou kapasite yo ak enpak pèsonalite oubyen aktivite yo ap antreprann genyen sou antouraj yo.)
2
1

Djankal Séné

More actions

Wadson Erissaint, Rapè Deviz Pam

“Mèsi paske w fè nou santi nou tap fè yon bagay ki enpòtan pou sosyete a."

BAVTGV

" Gen lide pwojè ki vini chak yon syèk, yon moun dwe travay chak jou epi kite zèv ou sou latè."

Windy Gelin, Antreprenè

"Pa koute pèsòn!
ou vo plis ke sa w panse :
ENSPIRE L KREYE L epi
PATAJE L ak mond ou a"

© 2024 by Fon Parizyen BigDATA Powered and secured by Wix

Enskri pou w konnen tout denye detay BAVTGV!

Mèsi paskew enskri!

bottom of page