top of page

Varyete Nan Fon Parizyen

Public·9 members

21

07/12/25

Bon mwa desanm BAVTGV, ekip lan di nou mèsi pou premye ane a. Nou konte sou ou pouw envite lòt ti zanmi lekòl ou vin enskri non yo sou entènèt la! Nan listwa Fonparizyen, ann fè gwoup poun genyen:


ree

11 Views

Bonswa lemond, Mwen se Woodmay Gaston. Jodi dimanche 07desanm 2025, ant 2è–4è aprè midi, mwen te angaje tèt mwen nan travay rechèch ki fè pati misyon nou BAVTGV, kote nou dokimante listwa, tradisyon, ak reyalite sosyal Fonparizyen.


Mèsi dèske w ap pran nan tan w, pou li travay mwen an ki mande anpil atansyon ak respè pou verite a. Men rezilta rechèch mwen:


Men kòman pri sab la te varye nan fond parisien de 1960 rive 2025


1) An 1960 pifò moun fonparizyen te abite lafèm, dlo a potko mete moun yo deyò lè sa sab potko yon materyo enpòtan parapò ak jodia

Lafèm te gen konstriksyon ak sab Men se yon sab jòn kote yo te konn melel ak lacho Men ki pat gen yon frè pouw peye paskew te tou jwenn li nan galèt la. Nan lane 1990 pou rive 1999 sab pral kòmanse vann isit paske moun yo pa sèlman fè kay ak masonn tè ankò, istwa rakonte te gen yon sitwayen kite rele Oldor kite abite anba granchemen te konn vann yon ti kamyon sab pou 60gds, pou Rive 2006 ti kamyon an te monte ak 300gds kote Calixte nakou te fouye kòl nan vann sab la tou, men se pa gwo kamyon nou genyen kounya yo li teye, Aprè 2010 sab nan fonparizyen te vin fè yon bèl monte kote anpil konpayi toupatou nan kapital la te konn vin achtel ak 3000 ak 4000gds, nan lane 2015 ak 2017 sab la te toujou menm jan Men sa pral depan de kotew pral ak sab la, 2020 pou rive 2023 li te monte ak 5000gds, sòti 2025 ak jodia li 7500gds ak 8000gds ( sa pral depan de distans lan).



2) Men lis 25 materyo ak pri yo nan Fp 2025


1) Tòl ---> 1000gds

2) Siman ---> 950gds

3) lat ---> 1250gds

4) Mato ---> 1500gds

5) liv klou ---> 250gds

6) fè ka ---> 150gds

7) Si ----> 150gds

8) Planch ---> 1000gds

9) plawout ---> 2500gds

10) blòk ---> 100gds

11) sab lanmè ----> 7500gds

12) wòch kase ----> 10000gds

13) pèl ---> 2500gds

14) Tiwèl ---> 1500gds

15) Nivo ---> 3000gds

16) Fisèl #1 ---> 150gds

17) Mas ---> 1250gds

18) sab ---- 7500gds ( varye de distans)

19) paswa ----> 1500gds

20) plach 15 ---> 3000gds

21) fè 3/8 ----> 500gds

22) fil alegati ----> demi 2500gds

23) albòd ---> 1250gds

24) flòt ----> 1000gds

25) Pikwa ---> 1500gds


Sa yo se pri grenn ( prix unité )


Wadson Erissaint, Rapè Deviz Pam

“Mèsi paske w fè nou santi nou tap fè yon bagay ki enpòtan pou sosyete a."

BAVTGV

" Gen lide pwojè ki vini chak yon syèk, yon moun dwe travay chak jou epi kite zèv ou sou latè."

Windy Gelin, Antreprenè

"Pa koute pèsòn!
ou vo plis ke sa w panse :
ENSPIRE L KREYE L epi
PATAJE L ak mond ou a"

© 2024 by Fon Parizyen BigDATA Powered and secured by Wix

Enskri pou w konnen tout denye detay BAVTGV!

Mèsi paskew enskri!

bottom of page