12/10/25
Bonswa BAVTGV, ekip lan di nou mèsi pou premye ane a. Nou konte sou ou pouw envite lòt ti zanmi lekòl ou vin enskri non yo sou entènèt la!




Referans Rejyonal nan Ranfòsman Kapasite Jèn2000.
Rechèch - Antreprenarya - Kwayans
Platinum sponsor: Penn Ayiti Foundation Inc.














1l
An ayiti 1960 te preske tradisyonel mekanik ti kras antre nan peyi apati de lane 1980 pou 1995 li te toujou limite
2) men non zouti agrikilti : hou
Pel
Ratwa
Machèt
Kwich Dlo
Sizo
Bwat semans
Ponp flite
Tib
Kabwa
Drenaj Jaden
3) men non 5 DIRI
DIRI Shella
DIRI wouj
DIRI nabou
DIRI Savann
DIRI peyi
1-Evolisyon agrikilti nan Fon parizyen nan lane 1980 2025 te plis sèvi pou konsomasyon fanmi sa pat anpeche yo vann tou se sak fè majorite moun t'ap travay latè, yo te konn plante anpil kalite manje tankou Mayi, diri, kann, pitimi bannann, pwa... Yo te depann de lapli paske pat gen ase sistèm irigasyon, aprè kèk kriz (sechrès) move rekòt gen demach ki fèt pou mete ponp dlo, basen, fè ti kanal pou yo kapab wouze sa yo plante, yo te konn itilize angrè tou. Tan ap pase se konsa moun vin pwodui mwens manje, agrikiltè diminye, vin gen plis achtè ke vandè, nan dènye ane sa yo se manje etranje nou vin konsome plis, sa vin koz gwo konsekans sou sante nou. Majorite tè ki te konn plante lontan se konstriksyon yo fè nan dènye ane sa yo, plis nou pa pwodui se plis n'ap fè bak, pa gen peyi ki avanse san agrikilti.
2-Non 12 zouti agrikiltè itilize nan Fon parizyen de 1960 a 2025
1-Machèt
2-Wou
3-Kouto digo
4-Pikwa
5-Pèl
6-Awozwa
7-Rato
8-Sizo Jaden
9-Chari
10- Sèpèt
11-Ponp aspèje
12-Bourèt
3- Non 5 kalite diri yo plante nan Fon parizyen de 1960 a 2025
1-Diri Tizya
2-Diri Dijon
3-Diri Jaden
4-Diri jòn
5-Diri madmwazèl
I. Evolisyon agrikilti nan Fonpariyzen (1960-2025)
Depi ane 1960 yo pou rive ane 1990, agrikilti nan Fonparizyen te pase nan anpil chanjman. Nan tan lontan, moun te viv sitou de kiltivasyon mayi, pwa , diri, bannann, papay, legim, manyòk. Prensipal zòn agrikòl yo se te Nabou, Lafèm, Tèt Sous elt. men sa pa t anpeche genyen anpil ti jaden nan lakou. Te genyen anpil zannimo domestik (kabrit, bèf, poul, kochon, elt.) tou kontrèman ak kounya. Agrikilti a depann anpil de lapli, menmsi genyen kèk kanal awozaj. Men depi lane 200 yo, tè yo vin pi sèch, sous dlo yo diminye, e anpil moun kite travay tè pou al fè ti biznis oswa travay sou fowntyè Malpas la. Gen kèk pwojè òganizasyon entènasyonal ki te eseye relanse pwodiksyon an ak fòmasyon sou nouvo teknik irigasyon ak grenn ki pi rezistan. Jodiya, agrikilti nan Fonparizyen rete vivan men limite.
II. Lis douz (12) zouti yo konn itilize nan agrikilti nan Fonparizyen (1960-2025) :
1. Pikwa (pou fouye twou)
2. Rato (pou netwaye)
3. Wou (pou sekle)
4. Digo (pou sekle, netwaye elt.)
5. Rach (pou koupe, bwa pi presizeman)
6. Manchèt (pou koupe)
7. Pèl (pou netwaye ak lòt tip itilizasyon)
8. Bouwèt (pou transpòte rekòt elt.)
9. lim (pou file manchèt oswa kouto)
10. Saswa (pou mezire grenn oswa angrè)
11. Kouto (menm itilite ak manchèt, men se pa pou gwo travay)
12. Daba/Koulin (menm itilite manchèt ak kouto a, sofke li menm li pi gwo e mwens long ke manchèt la)
III. Lis senk (5) kalite diri yo plante nan Fonpaeiyzen (1960-2025) :
1. Diri Jasmin
2. Diri Madan Gougous
3. Diri Nabou
4. Diri Chela
5. Diri Krètapyewo
●)Kòman agrikilti a evolye nan fonparizien depi nan lane 1960-2025 : Pou mwen menm agrikilti pa trò progrese nan fonparizien koz manke dlo agrikiltè yo gen pwoblem irigasyon dèfwa abitan yo konn plante li pèdi akoz pa gen dlo. Li te fè yon ti amelyo lè te gen dlo tisavann , tirinè lakou pengano, ponp nan site riral , ak tèt sous ki tap bay dlo men pou le moman pa gen sa yo ankò sèl tèt sous ak ponp site riral la ki rete .
●:)Lis non 12 zouti agrikiltè itilize nan fonparizien depi nan lane 1960-2025.
1:) Wou (Yo itilize l pou fè bit pou plante kèk fwa tou Yo konn itilize l tou pou fè rigòl)
2:) Pèl ( Yo konn itilize pou retire tè nan fondè sitou rikòl yo)
3:) Pikwa ( Yo itilizel pou fouye tou tankou rigòl)
4:) Rato ( Yo itilizel pou rale vye dechè lè yo fin sekle)
5:) Manchèt ( Yo itilize pou koupe)
6:) Rach ( Yo Itilizel pou koupe gro pwa yo )
7:) Digo ( ou plis jwen moun ki soti anlè yo plis Itilizel)
8:) Ponp aspèsyon ( yo itilizel pou aspèje plant yo kont ti bèt nwizib)
9:) Derapine ( Yo itilizel pou raboure tè a )
10:) Flash (Yo itilizel pou fè limye lè yo ap wouze nan nwit)
11:) Ponp dlo ( pou wouze jadin ki pa pre dlo pou rale dlo mennen ladann).
12:) Dlo ( li se youn nan zouti ki enpòtan nan agrikilti a)
●:)Lis non 5 kalite diri yo plante fonparizien depi nan lane 1960-2025.
1:)Diri chèlda ( li Pran 3 mwa 3mwa edmi poul rekòlte lè yo plantel)
2:) Diri Lakrèt
3:)Diri M8 = yon diri blan senp ( li pran 3 mwa 3 mwa edmi poul rekòlte lè ou plantel)
4:)Tizya = lè ou pilel ou byen moulenl ou konn jwen koulè yo diferan ( blan , rouj)[ li pran 6 mwa poul rekòlte lè ou plantel)
5:) Diri twa grap = li donnen anpil e grap yo rouj men diri a blan
Men Koman evolisyon agrikilti a evolye nan fonparizyen de 1960 a 2025 nan. lane 1960 a 1980 agrikilti a te gen yon evolisyon ki gen plis enpotans nan je agrikiltè yo kote yo te konn jwenn dlo pou te kiltive Jaden Moun konn ap soti nan lot zòn vin vann vanjou yo fè konbit nan lane 1980 a 1991 a kontinye agrikiltè yo komanse itilize chari a bèf pou kraze tè se konsa vin gen yon gwo evolisyon nan zafè agrikilti nan tan ap pwoche evolisyon an vin ap bese agrikilti a vin bese kounya paske Nou vin manke anpil bagay tankou Nou vin pagen chari anko Nou manke dlo awozaj kounya sa
vin koz agrikilti vin fè Yon gwo bak selon mwen menm se kounya agrikiltè yo ap batay pou yo wè si yo a fe agrikilti reviv anko.
2:Men lis 12 zouti akrilte yo itilize nan fonparizyen de 1960 a 2025
1)Manchèt
2)Digo
3)wou
4)RACH
5)chari
6)Dlo
7)Pikwa
8)lwichèt
9)ponp dlo pou awozaj
10)Ponp aspèsyon pou evite ensèk gaspiye plant yo
11)flach pou fe awozaj nan nwit
12)moulen
Men lis 5 kalite agrikiltè plante nan Fonparizyen depi 1960 a 2025.
1) DIRI Tizya
2)DIRI M8
3)DIRI chèlda
4)DIRI lakrèt
5)DIRI 3 grap