5/10/25
Bonswa BAVTGV, ekip lan di nou mèsi pou premye ane a. Nou konte sou ou pouw envite lòt ti zanmi lekòl ou vin enskri non yo sou entènèt la!




Referans Rejyonal nan Ranfòsman Kapasite Jèn2000.
Rechèch - Antreprenarya - Kwayans
Platinum sponsor: Penn Ayiti Foundation Inc.


1) Men Koman Biznis restoran teye nan lane 1960 pou rive 2025 :
Fonparizyen se Yon zòn ki sou kominn Gantye ,li te Yon zòn ki te vreman pèzib ,nan komansman Nou kapab di li te gen machann manje ,li pat gen restoran daprè evolisyon ki te genyen nan fonparizyen, li te vinn gen restoran Nou kapab di kite komanse kontwi AK tòl selman ,nan baraj ,ni kouvri , pou kliyan te ka alez lè yo ap manje pou envite plizyè bagay tankou mikrob ki pa bon pou sante yo , aprè evolisyon te vinn chanje nan konstwiksyon yo ki te chanje an Kay blok kite kouvri AK tòl , aprè te toujou vinn gen lot konstwiksyon ki te fet an blok ki kouvri AK dal , pou plis fyète kliyan yo , pou plis amelyorasyon vi yo Kont sa ki pa bon pou sante yo , malgré tou te toujou gen Moun ki kenbe menm sistèm kouvri AK tòl ki bare AK tòl , Mwen panse se tout Mwen te gen pou'm pale de evolisyon kite fèt sou restoran nan fonparizyen .
2) Non premye restoran ou byen machann manje nan lane 1960 -2025 :
Li te rele Madan Tiyoyo
Li se Moun lakou pengano
Li te konn fè manje nan lakou pengano
Li gen pitit li ki rele Carmene
Lakou pengano Mwen wè kounya sou Nouvo tan Moun yo Di
(nakou pengano ) se lakou Pengano ki vreman non zònn .
3) Men lis 10 kalite manje jeneralman ou ka jwenn nan restoran fonparizyen nan lane 1960 pou rive 2025 :
Pizza
Diri sòs pwa legim
Bouyon Poul
Spageti
Taso kabrit
Pikapoyo
Griot kochon AK bannann peze
Sòs pwason AK bannann bouyi
Blé AK kalalou